20th Anniversary Stories from Gros Morne: Father Chacha

(Above Drone Video of Forest on Tet Mon and Jean Marie Vincent Formation Center [Grepen Center])

This year we mark the 20th Anniversary of our work with Jean Marie Vincent Formation Center in Gros Morne, Haiti. Today we are launching a new blog series to celebrate the 20 year anniversary, which will focus on reflections from people who have worked on the program through the years.

One of the original visionaries of the program was Fr. Ronel Charelus (Father Chacha). Below he discusses the beginnings of the project back in 1999.

Fr. Ronel Charelus (Pere Chacha), former pastor of Notre Dame du La Chandeleur parish

Wi se avèk kè kontan  nou te pran inisyativ pou forè sa a nan Nan Gwomon.  Map sonje Sè Lise Brosseau, Barthelemy Garcon, Nesly Jean Jacques, Jean Desnor, père Cine syriaque, Sè pat Dillon, Sè Rose Gallagher avèk  lot moun anko ki te konprann valè plante pye bwa nan Gwomon.

It was with happy hearts that we took the initiative to start this forest in Gros Morne. I remember Sr. Lise Rosseau, Fr. Barthelemy Garcon, Fr. Nesly Jean Jacques, Jean Desinor, Fr. Cine Syriaque, Sr. Pat Dillon, & Sr. Rose Gallagher,  along with other people who understood the value of planting trees in Gros Morne.

Se te yon pwoje pilot pout tout peyi a.  Nou te gen konviksyon si nou rive plante bwa Gwomon si nou reyisi,  ap gen anpil lot kote nan peyi a kap enterese ak pwoje sa a. Se esperyans sa nou te fè apre kèk lane nou komanse ak pwojè a.

It was a pilot project for the whole country. We had a conviction that if we were able to make this tree planting in Gros Morne successful, there would come to be many other places in the country that would be interested in this project. This is the experience that we had and after some years we started with the project.

Pwojè a te demare  nan lane 1999 ak yon relijiez nan kongregasyon Sè Lise Brosseau ki rele Carol ??? mwen bliye siyati l.  Li tap travay nan Quixote center nan Washington ??. Sete Sè Rose Gallagher yon bon zanmi m ki te metem an relasyon avek li. Li te rive fe plizyè vwayaj  nan Gwomon. Se limenm ki te ede nou jwenn lajan pou nou komanse pwojè sa a.

The project kicked off in in 1999, with a religious sister in the congregation of Sr. Lise Brosseau [Holy Names of Jesus and Mary] who was named Carol [Reis]. She was working with the Quixote Center in Washington. It was Sr. Rose Gallagher, a good friend of mine, who put me in contact with her [Carol]. She came to make many trips to Gros Morne. She was the one who helped us find money so that we could start this project.

Nou te chwazi bay pwojè  a pote non Jean Marie Vincent , yon prêt monfoten  yo te asasine le 28 Aout 1994. Pou kisa nou te chwazi Jean Marie ? Nou te chwazi l paske li te gen yon rèv pou Ayiti. Rèv li se te pou tout peyizan yo gen  lavi, pou yo viv tankou moun. Rèv sa se pou peyi Dayiti kouvri ak Pye bwa yon Jou. Se te yon pwojè odasye. men li te gen Konviksyon nan Bondye, li te kwè nan moun tou… Pou  Jean Marie Espwa peyi a se plante pye bwa. Se mete konsyans sa nan lavi tout timoun lekol yo. Jean Marie mouri, men rèv li yo pa mouri. Nou kapab di li toujou la avèk nou. Grepen ap toujou rete yon referans pou tout Pè monfoten yo ki vle kontinye travay Jean Marie tap fè nan Peyi Dayiti.

We chose to give the project the name of Jean Marie Vincent, a Montfortain priest who was assassinated on 28 August 1994. Why did we choose Jean Marie? We chose him because he had a dream for Haiti. His dream was for all peasants to have life, to live like people. This dream is for the country of Haiti to be covered with trees one day. It was an audacious project. But he had conviction in God and he also believed in people. For Jean Marie, the hope of the country lay in planting trees. He put this awareness in the lives of all of the school children. Jean Marie died, but his dreams are not dead. We can say that he is still here with us. Grepen will always remain a reference for all of the Montfortain priests who want to continue the work that Jean Marie was doing in the country of Haiti.

Yon lot pwojè nou te gen pou Gomon se te pwoteje tet mon yo sitou Rivye Mansèl. Jodi a map mande si pwojè sa a toujou la ? Apre 20 tan jodi a nou kapab evalye ak moun yo, avèk jean Desnor pou nou we si rèv sa a Jean Marie te genyen an ap kontinye toujou.

Another project that we had for Gros Morne is to protect the mountain tops, especially in Rivyè Mansel. Today I ask if that project is still there. After 20 years, today we can evaluate with the people, with Jean Desinor, to see if this dream that Jean Marie had still continues.